
Tout deskripsyon kou
Fòmasyon PHCAST pou menajè
Kou sa a, ki fèt pou w pran nan pwòp vitès pa ou, prepare ou, pou w travay kòm yon menajè pwofesyonèl. Ou pral aprann teknik esansyèl, tankou fason pou w prepare w pou travak avèk nouvo konsomatè, aplike estrateji nan kominikasyon ki efikas, prepare manje an byen, ak konprann fason sistèm yo ki nan kò a fonksyone. Epitou, ou pral aprann fason pou byen bay swen ki santre sou moun, pandan w ap pran swen pwòp byennèt pa ou ! Nan kou an, gen leson sou fòm videyo, gen aktivite pou fè tchèk sou konesans, ak evalyasyon. Lè w fini ak tout aktivite yo e evalyasyon modil yo, w ap resevwa yon Sètifika, ki di ou te pran fòmasyon an (an anglè : Certificate of Completion)
Kou a òganize an onz modil :
Modil 1 : Byenveni e fason pou itilize kou sa a
Modil 2 : Wòl ak responsablite yo
Modil 3 : Kominikasyon
Modil 4 : Kilti ak divèsite
Modil 5 : Sipò nan swen sante
Modil 6 : Nitrisyon
Modil 7 : Fè menaj
Modil 8 : Bezwen konsomatè a
Modil 9 : Sekirite ak ijans
Modil 10 : Dwa konsomatè a
Modil 11 : Aptitid pou lavi
Pou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo :
Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon menajè, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo. Ou ka fini tout onz modil yo, oswa chwazi sijè ki enterese ou yo, epi fini sèlman modil sa yo. Pou resevwa Sètifika ou te pran fòmasyon an, ou dwe fini tout onz modil yo, aktivite pou fè tchèk sou konesans yo, epi fè 80% oswa plis, nan evalyasyon alafen modil yo.