
Tout deskripsyon kou
Fòmasyon Menajè pou swen pèsonèl PHCAST
Kou sa a, ou ka pran nan pwòp vitès ou an, konsolide teknik ak konesans ou pran nan fòmasyon pou menajè a, epi prepare w pou ede moun ki gen bezwen nan swen pèsonèl, tankou abiye, benyen, swen cheve, ak deplasman. Ou pral aprann kijan pou w fè travay sa yo san danje, epitou nan yon fason ki respekte diyite konsomatè a. Epitou, kou sa a bay konsèy sou estrateji nan kominikasyon, mentni swen ki santre sou moun, epi konsidere bezwen espesyal yon konsomatè ta ka genyen. Sonje : Avan w pran kou sa a, li obligatwa pou w te pran fòmasyon pou menajè a (Fòmasyon an ka fèt an pèsòn, sou entènèt, oswa travay ou a ka peye pou w pran l). Apa fòmasyon sa a, w ap gen pou w pase 10 zè fòmasyon pratik avèk yon enfimyè responsab (Provider Nurse) nan ajans pou menajè a.
Kou a òganize an sèt modil :
Modil 1 Byenveni e fason pou itilize kou sa a
Modil 2 : Wòl ak responsablite menajè pou swen pèsonèl la
Modil 3 : Mobilite
Modil 4 : Swen pèsonèl – Benyen ak abiye
Modil 5 : Figi, men ak pye
Modil 6 : Asistans nan pwopte kò
Modil 7 : Swen katetè ak ostomi