Sote Nan Kontni
PHCAST Training: New Homemaker. Kreyòl Ayisyen Homemaker Pou nouvo pwofesyonèl yo se yon Kou

Homemaker Pou nouvo pwofesyonèl yo

Oto aprantisaj

Enskri

Tout deskripsyon kou

 

Fòmasyon PHCAST pou menajè 

Kou sa a, ki fèt pou w pran nan pwòp vitès pa ou, prepare ou, pou w travay kòm yon menajè pwofesyonèl. Ou pral aprann teknik esansyèl, tankou fason pou w prepare w pou travak avèk nouvo konsomatè, aplike estrateji nan kominikasyon ki efikas, prepare manje an byen, ak konprann fason sistèm yo ki nan kò a fonksyone. Epitou, ou pral aprann fason pou byen bay swen ki santre sou moun, pandan w ap pran swen pwòp byennèt  pa ou ! Nan kou an, gen leson sou fòm videyo, gen aktivite pou fè tchèk sou konesans, ak evalyasyon. Lè w fini ak tout aktivite yo e evalyasyon modil yo, w ap resevwa yon Sètifika, ki di ou te pran fòmasyon an (an anglè : Certificate of Completion) 

Kou a òganize an onz modil :

 

Modil 1 : Byenveni e fason pou itilize kou sa a 

Modil 2 : Wòl ak responsablite yo  

Modil 3 : Kominikasyon 

Modil 4 : Kilti ak divèsite 

Modil 5 : Sipò nan swen sante 

Modil 6 : Nitrisyon 

Modil 7 : Fè menaj 

Modil 8 : Bezwen konsomatè a 

Modil 9 : Sekirite ak ijans 

Modil 10 : Dwa konsomatè a 

Modil 11 : Aptitid pou lavi 

 

 

Kou sa a fèt pou kèlkeswa moun nan, ki nouvo nan domèn swen sante adomisil la, e ki enterese nan fè karyè kòm yon menajè. Ou dwe pase tout 11 modil yo, dapre lòd yo ye a, menm jan ak aktivite pou fè tchèk sou konesans e evalyasyon nan fen modil yo. Lè w fè 80% oswa plis, nan evalyasyon ki nan fen modil yo, w ap resevwa yon Sètifika ki di ou te pran fòmasyon an. L ap pran w apeprè 25 a 35 tè pou suiv kou sa a. Li pa obligatwa pou w te gen eksperyans avan.  

Enskri nan kou sa a jodi a menm!

Enskri